"Souvni Dayiti"
Lyrics and Melody by Othello Bayard
Ayiti cheri, pi bon peyi pase ou lanpwen Fòk mwen te kite w pou mwen te kap konprann valè w Fòk mwen te manke w pou m te kap apresye w Pou m santi vreman tout sa w te ye pou mwen Gen bon solèy, bon rivyè e bon brevaj Anba pyebwa ou toujou jwenn bon lonbraj Gen bon ti van ki bannou bon ti frechè Ayiti Toma, se yon peyi ki mè chè Lè w lan peyi blan, ou gen yon vye frèt ki pa janm bon E tout lajounen ou oblije ap boule chabon Ou pakab wè klè otan syèl-la ret andèy E pandan si mwa tout pyebwa pa gen fèy Lan peyi mwen, gen solèy pou bay chalè Diran lane tout pyebwa pe bay lonbraj Bon briz de mè toujou soufle sou no plaj Ayiti Toma, se yon peyi "ki mè chè" Kon ou lan peyi blan, ou wè tout figi yon sèl koulè Lanpwen milatrès, bèl marabou, bèl grifonn kreyòl Ki renmen bèl wòb, bon poud e bon odè Ni bèl jenn nègès ki konn di bon ti pawòl Lan peyi mwen, lè tout bèl moun si la yo Sòti lan mès ou sòti lan sinema Se pou gade, se pou rete dyòl lolo Ala bon peyi se ti Dayiti Toma! Lè w lan peyi blan, ou pa wè mango ni kòk di tou Lanpwen sapoti, ni bèl kayimit vèt ou vyolèt Lanpwen zanana, ni bèl ti pòm kajou Ki ban nou bon nwa pou nou fè bon ti tablèt Ou jwenn zoranj ki soti an Itali Men qui fennen, qui toujou mwatye pouri An Ayiti sa si bon se koupe dwèt E sou se rapò, nou bay tout peyi payèt Lè w lan peyi mwen, kote ou pase tout lon chemen Se bonjou kompè e makomè e pitit la yo? Sa'n pa wè konsa, manyen rentre ti bren Pou'n bwa ti kichoy, pou nou jwe de ti kout zo. Fin bay lan men, se rentre lan gran pale Se politik, se movèz sitiyasyon Sa pou nou fè, se pou nou pran li koul' ye Men bon Dye si bon, la ban nou benediksyon Lè w ou lan peyi blan, ou pè promennen nwit kou jou Tout moun pè mache, prese prese wa di se chen fou kote yo prale, pouki yap kouri konsa? Yo pè pèdi tan, yo pa janm di: kouman sa? Lan peyi mwen, moun pa rete avek lè Genyen libète, ou gen tan pou pran frechè Kote ou pase, se bonjou se bay lan men Moun pa janm prese, yo koze tout lon chemen Lè w an Ayiti, ou pa janm manke tan pou soufle Sak pa fèt jodi, ou kap fèt li demen si ou vle Kan demen rive, kel bon ou kel pa bon Sa pa fè anyen, tout moun konn di bon dye bon. An Ayiti, moun pa janm dezespere Nou gen la fwa lan yon Dye ki pa janm manti Nap fè jodi, kan demen pa asire Ala bon peyi, o mon Dye, se Ayiti!"return to main page"